Accessibility links

Breaking News
FILE PHOTO: Democratic presidential candidate Biden and vice presidential candidate Harris face reporters at campaign event in Wilmington, Delaware
FILE PHOTO: Democratic presidential candidate Biden and vice presidential candidate Harris face reporters at campaign event in Wilmington, Delaware

Biden Rale Kò l Kòm Kandida a la Prezidans Pati Demokrat la

Prezidan Joe Biden Anonse Dimanch ke li deside anile kanpay pou l re-eli prezidan Etazini.

15:30 21.7.2024

Biden Deside Lage Pye l nan Kous Prezidansyel la

Prezidan Joe Biden rale kò l nan kous prezidansyèl 2024 la Dimanch. Li mete fen nan kanpay re-eleksyon li apre yon deba dezastre kont Donald Trump ki te soulve anpil dout pa rapò ak kapasite li pou l jere prezidans la 4 mwa sèlman anvan eleksyon an.

Desizyon an vini apre presyon tap ogmante pami alye Demokrat Biden yo pou l lage pye l apre deba ki te dewoule 27 Jyen an, kote prezidan an ki gen 81 an te bafouye, divage epi bay repons ki pa fè okenn sans. Li pat kwape rival li, Donald Trump, non plis tou lè misye te bay mandi.

Biden gen entansyon kontinye ranpli wòl prezidan an jiska fen manda li, ki va bout a midi 20 Janvye 2025.

Biden ekri yon lèt ke li pibliye sou rezo X kote li di: "Se pi gran onè vi mwen pou m sèvi nou kòm Prezidan. E tandiske sete entansyon mwen pou m chache re-eli, mwen kwè li nan pi bon enterè pati mwen ak peyi a pou m rale kò m epi konsantre selman sou ranpli devwa mwen antanke prezidan pou rès manda mwen."

15:48 21.7.2024

Men Kijan Kèk Lidè Etranje Reyaji sou Nouvèl Biden nan

PM Nòvej Jonas Gahr Stoere:

"Mwen respekte desizyon Joe Biden pran pou l pa postile pou yon lòt manda. Jistifikasyon sa a merite respè."

Li ajoute: "Biden pami politisyen Ameriken ki gen plis renome depi plizyè dizèn lane, e li se yon prezidan ki reyalize plizyè refòm enpòtan.

PM Poloy Donald Tusk sou Rezo X:

"Misye Prezidan @Joe Biden, anpil fwa ou pran desizyon difisil ki lakoz Polòy, Etazini ak mond lan vin pi sekirize epi demokrasi ak libète vin pi djanm. Mwen konnen se menm prensip yo ki gide w lè w anonse dènye desizyon w. Petèt sete desizyon pi difisil ou janm pran nan vi w."

PM Repiblik Tchèk Petr Fiala sou Rezo X:

"San dout se desizyon yon òm deta ki sèvi peyi li depi plizyè dizèn lane. Se yon etap responsab e difisil pesonèlman men se sa k fè l gen plis valè. Map kwaze dwèt mwen pou Etazini ke yon bon prezidan soti nan konpetisyon demokratik ant 2 kandida fò ki egal ego. "

16:54 21.7.2024

Biden ap Rale Kò li nan Kous Prezidansyèl 2024 la. Sak Pral Pase Kounyea?

Prezidan Joe Biden deklare Dimanch lap lage pye l nan kous prezidansyel 2024 la, sa ki mete Etazini sou yon chimen li poko janm konstate.

Biden andòse Vis Prezidan Kamala Harris kòm kandida prezidansyel pati Demokrat la ane sa a.

Anvan Biden te pran desizyon li, Reuters te pale ak Elaine Kamarck, yon analis politik wo plase nan Enstiti Brookings ki se yon manm Komite Nasyonal Pati Demokrat la. Li ekri yon liv ki rele "Politik Prime" ki gen pou we ak pwosesis nominasyon an epi sak ta ka pase apre.

Q: Kisak pral pase kounyea?

"Biden pase mwa ki sot pase yo ap ranmase preske 4,000 delege Demokrat apre li ranpòte eleksyon prime nan eta ak teritwa Ameriken yo.

Nòmalman delege sa yo ta vote pou li kom kandida prezidansyel ofisyel pati a nan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la ki pral dewoule 19-22 Out, men reg yo pa egzije yo fe sa. Delege yo ka vote konsyans yo ki vle di yo ka vote pou yon lòt moun.

Le li rale kò li, Biden efektivman "lage" delege li yo, epi deklanche yon konpetisyon potansyel ant lot kandida Demokrat yo pou yo pran nominasyon an.

Q: Kiyes ki taka ranplase Biden?

"Plizye kandida taka antre nan kous la.

Vis Prezidan Kamala Harris nan tet lis la, men li gen pwòp pwoblem pa li apre yon kòmansman ki pat fasil epi apui feb pami elekte Ameriken yo. Konstitisyon Etazini di vis prezidan an tounen prezidan an si prezidan an mouri oubyen li enkapasite, men li pa di anyen sou sak dwe pase andedan yon pati pou chwazi yon kandida prezidansyel.

Gouvene Kalifòni Gavin Newsom, Gouvene Michigan Gretchen Whitmer, Gouvene Kentucky Andy Beshear, Gouvene Ilinwa JB Pritzker se kek pami moun ki taka ranplase l. Jiskaprezan yo te apiye Biden epi dakò pou travay pou ede l re eli.

Q: Kijan yo pral chwazi yon kandida?

"Taka gen yon konpetisyon lib ant Demokrat ki gen enfliyans yo ki vle djob la.

Dapre Ballotpedia, yo atann yo aske gen 4,672 delege an 2024. Pami yo gen 3,933 ki pwomet pou yo apiye Biden, epi gen 739 swadizan sipedelege - ki se manm wo plase pati a.

Pou asire yon nominasyon kandida a ta dwe genyen yon majorite. Setazi plis vot pase tout lot kandida yo kole ansanm.

E si okenn moun pa atenn objektif sa a, taka gen yon konvansyon negosye, kote delege yo aji tankou ajan lib epi negosye ak lideship pati a.

Yo ta tabli reg epi yo ta rele chak moun epi mande yo kiyes yo nomen.

Sa ta ka pran plizye tou anvan yon moun ranpote yon reyalite epi genyen nominasyon an. Denye konvansyon negosye a sete le Demokrat yo pat resi nomen yon kandida apre premye vot la an 1952.

Q: Sak pral pase lajan kanpay Biden nan antre?

"Kanpay Biden-Harris la gen $91 milyon nan bank lan depi fen mwad Me a, men ekspe sou lwa finansye pa rapo ak kanpay yo pa dakò sou konbyen tan sa pral pran pou lajan an vinn disponib pou yon lot kandida. Puiske non Harris sou dokiman kanpay la, anpil ekspe kwe yo taka transfere lajan an ba li si li se kandida pati a. Men gen deba kap fet sou si yo ta dwe nomen Biden ofisyelman pou komanse kom kandida pati a anvan pou yo transfere lajan an."

22:02 21.7.2024

Kanpay Trump la Vire Atansyon li sou Harris Apre Anons Biden ke Lap Kite Kous Prezidansyèl la

Kanpay Donald Trump la pase 6 mwa ap take Joe Biden, pase nan betiz politik li yo, moke li pou jan li bafouye epi tann ak enpasyans yon dezyèm deba ke yo te si e sèten yo tap genyen.

Men yo pase plizyè semèn tou ap prepare pou posibilite pou Biden kite kous la, epi pare yon seri atak kont Vis Prezidan Kamala Harris ke yo tapral pibliye osito ke Biden te anonse lap kite kous la - yon bagay ki fè tout moun sezi Dimanch.

Yon ti tan apre, Biden te andose Harris pou prezidans la, e Demokrat yo te kouri vit eksprime sipo yo pou li kom kandida a la prezidans pati a.

Gwo remaniman sa a vini mwens pase 4 mwa anvan jounen eleksyon an epi poze kèk nouvo defi pou ekip Trump la. Jiskaprezan yo te konsantre sèlman sou enèji ansyen prezidan an genyen ak kapasite mantal li konpare ak Biden.

Load more

XS
SM
MD
LG