Accessibility links

Breaking News

Yon Pann Teknoloji Deranje vòl avyon , bank, medya ak lòt systèm konpayi toupatou atravè mond lan


Airlines ground flights in Tampa
Airlines ground flights in Tampa

FRANKFURT, Almay (AP) — Yon pann teknoloji mondyal te fè avyon paka vole, bloke siyal entènèt nan sistèm bank ak lopital yo e wete medya yo nan lè a, nan sa ki te yon kokenn dezòd ki afekte konpayi ak sèvis nan mond lan e moutre jan konpayi yo depann de lojisyèl ki nan men yon ti gwoup founisè.

Konpayi Cybersecurity CrowdStrike di Vandredi ke pwoblèm nan se pa yon ensidan sekirite ni yon atak pirat.

Men, kèk èdtan apre moun te premye detekte pwoblèm nan, dezòd la te kontinye epi te vin pi grav.

Liy long te fòme nan ayewopò nan peyi Etazini, nan Ewòp ak Azi akoz konpayi avyon yo te pèdi aksè nan sèvis check-in e pa te ka pran non kliyan pou vòl yo.

Medya nouvèl nan peyi Ostrali pa te ka rete nan lè, lopital ak klinik doktè te gen pwoblèm ak sistèm randevou yo.

XS
SM
MD
LG