Accessibility links

Breaking News

Yon Pann Teknik Masiv Koze Dega Mondyal. Men Sa Nou Konnen


Logo konpayi CrowdStrike ak yon paj entenet Spirit Airlines sou ekran yon odinate ak telefon entelijan nan Nouyok, 19 Jiye, 2024.
Logo konpayi CrowdStrike ak yon paj entenet Spirit Airlines sou ekran yon odinate ak telefon entelijan nan Nouyok, 19 Jiye, 2024.

Pi fò mond lan ap fè fas ak dezòd sou entènèt la akoz yon pann teknoloji ki afekte konpayi ak sèvis nan divès endistri. Li lakoz yo anile vòl avyon, sistèm bankè ak lopital yo sispann fonksyone epi rezo medya paka difize nouvèl.

Pann teknik sa a santre sou CrowdStrike, yon konpayi sibè sekirite ki di pwoblèm nan vinn koze apre li te deplwaye yon reglaj pou lojisyèl odinatè ki sèvi ak teknoloji li a ki te gen fay ladann e ki afekte odinatè ki itilize Microsoft Windows. Konpayi a fè remake pwoblèm nan pa gen pou wè ak yon "ensidan sekirite" ni yon sibè atak.

Yon pakèt konpayi depann sou CrowdStrike pou bezwen sekirite yo.

Se poutèt sa konsekans yon reglaj lojisyèl pwoblematik tankou sa CrowdStrike site Vandredi afekte yon dig dal moun toupatou nan mond lan.

XS
SM
MD
LG