Accessibility links

Breaking News

Nan Konferans Pou Laprès Apre Fen Somè LOTAN Biden Defye Desizyon Pou l Rete nan Kous Prezidansyèl la


Prezidan Joe Biden te konnen konferans pou laprès li a kote li tapwal resevwa yon pakèt kestyon sou avni politik li tap yon gwo defi pou li.

Anvan sa, li te fè yon gwo fo pa lèl te entwodui Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy kom Putin - pi gwo enmi misye.
Apre sa li te korije pawòl li pou di Zelensky epi esplike li tèlman konsantre sou kale Putin li bafouye.

Zelenskyy repon: "M pi bon!"

Epi Biden di misye li dako ak sa l di a.

Jedi, apre yon seri rankont nan kad somè LOTAN an Biden te reponn kestyon jounalis yo pandan prèske yon hèd tan, kote li te eseye simonte tout kritik moun lanse kont li pou jan li bafouye. Li te eseye konsantre pito sou sa li konsidere tankou pi gwo defi prezidans li: apiye Ikrèn nan lagè kont Larisi a. Li pran kredi pou sa l dekri tankou yon siksè.

"Pandan semèn somè a plizyè chèf deta te souliyen nan deklarasyon yo remèsiman yo pou Etazini epi remèsye m pèsonèlman pou tout sa LOTAN akonpli."

Sepandan li admèt tou ke defi kous prezidansyèl Ameriken an tounen yon dezas apre move pèfòmans li nan deba a mwa pase a. Li dekri pèfomans li kom "yon erè bèt" epi reitere kwayans li ke li pral kale ex-Prezidan Donald Trump an Novanm.

"M kwè kem se moun ki pi kalifye pou postile pou prezidans la. M kale li deja e map kale l ankò."

Kestyon sou kapasite Biden genyen pou l fè fas ak gwo defi global yo se yon sijè ki tap diskite anba anba nan washington pandan somè pou make 75e anivèsè LOTAN. Manm alyans la pran mezi konkrè pou apiye Ikrèn - pami yo yon plan pou aji yon fason kowòdone ke LOTAN olye Washington va jere.

Piblikman anpil lidè voye jete dout sou kapasite Biden.

Alexander Stubb se Prezidan Fenland:

"Mwen pa gen okenn kè sote sou kapasite prezidan aktyèl Etazini pou dirije peyi a epi lit pou Ikrèn ak dirije LOTAN. M kwè somè sa a pwouve sa."

Gen analis ki dakò. William Galston travay nan Enstiti Brookings:

"M kwè sete yon bon jou pou Biden, pi bon jou li genyen depi kèk tan. Eske sa pral chanje direksyon konvsasyon an oubyen poze l pou yon ti moman san li pa chanje l fondamantalman? M pa konnen."

Vandredi Biden ap fè fas ak yon lòt tès difisil. Lap reprann kanpay li ak yon vizit nan Detroit, kote li pral eseye jwenn apwobasyon moun li pi bezwen an - elektè yo.

Se korespondan VOA nan Lamezonblanch, Anita Powell ki ekri vesyon orijinal repotaj sa a

XS
SM
MD
LG