Accessibility links

Breaking News

Ameriken Fete Jounen Mondyal OVNI


Foto Achiv: Yon afich ki dirije touris yo nan direksyon tou sit kote yon OVNI te tonbe nan Roswell, Nouvo Meksik, 10 Jyen 1997.
Foto Achiv: Yon afich ki dirije touris yo nan direksyon tou sit kote yon OVNI te tonbe nan Roswell, Nouvo Meksik, 10 Jyen 1997.

Moun Ozetazini selebre Jounen Mondyal OVNI yo nan moman yon pakèt moun rapote ke yo wè yon OVNI ak pwop je pa yo epi gouvènman divès peyi ap mennen ankèt sou fenomèn sa a.

Se 2 Jiyè ki fèt Mondyal OVNI yo - yon komemorasyon ki gen rasinn ni nan ensidan yo rele Ensidan Roswell la, ki te dewoule 2 Jiyè 1947, lè yon objè te tonbe nan ranch JB Foster nan eta Nouvo Meksik.

Lame Etazini te deklare nan epok la ke li te rekipere yon "soukoup volant". Men apre sa li te di sete debri yon balon meteyo.

Etazini oganize plizyè odisyon nan kongrè a sou koze OVNI apandan ane ki pase yo.

Sepandan ni Pantagon nan ni la NASA (Ajans Spasyal Etazini an) pibiye rapo ki di yo poko jwenn okenn prèv ki montre gen moun ki vivan sou planèt nan lespas.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG