Accessibility links

Breaking News

La NASA Pibliye yon Rapò sou OVNI


Logo Ajans Spasyal Etazini an, La NASA sou yon bilding nan Sant Spasyal Kennedy a nan Kap Kanaveral, Florid, 20 Me 2020.
Logo Ajans Spasyal Etazini an, La NASA sou yon bilding nan Sant Spasyal Kennedy a nan Kap Kanaveral, Florid, 20 Me 2020.

La NASA (Ajans Spasyal Ameriken an) deklare etid OVNI yo pral mande pou yo itilize kèk nouvo teknik syantifik - pami yo satelit avanse. Li di fòk moun chanje fason yo pèsevwa objè volan non-idantifye yo tou.

Ajans spasyal la pibliye rapò a Jedi, apre li te pase yon ane ap etidye OVNI yo.

Yon ekip endepandan La NASA te oganize lanse avètisman pou di pèsepsyon negatif moun genyen sou OVNI yo poze yon obstak pou yo lè yap eseye ranmase done.

Sepandan, responsab yo di patisipasyon La NASA ta dwe ede amelyore sityasyon sa a.

Panèl la di La NASA ka trase yon bon egzanp sou pi bon apwòch pou etidye OVNI yo atravè transparans, bon jan analiz, epi patisipasyon piblik la.

XS
SM
MD
LG