Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm nan Voye Dosye Iminite Trump la Tounen Bay Tribinal Federal la


Foto Achiv: Touris poze pou foto devan Kou Siprem Etazini, Madi 18 Jyen, 2024.
Foto Achiv: Touris poze pou foto devan Kou Siprem Etazini, Madi 18 Jyen, 2024.

Kou Siprèm Etazini pwolonje delè a nan pwosè kriminèl lajistis Washington ap mennen kont Donald Trump, kote yo akize l dèske li te konplote pou fè koken nan eleksyon prezidansyèl 2020 an ke li te pèdi. Desizyon Kou Siprèm nan prèske elimine posibilite pou pwosè a ta dewoule anvan eleksyon Novanm nan.

Nan yon desizyon istorik, jij yo vote 6 pou ak 3 kont pou di pou premye fwa ke ansyen prezidan kapab gen pwoteksyon kont paowè legal an koneksyon ak kèk nan aktivite yo nan Lamezonblanch.

Jij yo pase lod bay tribinal federal kap prezide ka a pou l detèrmine kijan li dwe aplike desizyon an nan pwosè Trump la, olye jij Kou Siprèm nan deside pou yo.

Rezilta a vle di ap gen yon lot delè nan pwosè ansyen prezidan Repibliken an.

Trump demanti li vyole okenn lwa.

XS
SM
MD
LG