Accessibility links

Breaking News

Gen Bolivyen ki Kestyone Otantisite Kou d Eta Rate a


Lapolis Bolivi mete anba kod Juan Arnez Salvador, ex komandan jeneral fos naval peyi nan La Paz, 26 Jyen 2024.
Lapolis Bolivi mete anba kod Juan Arnez Salvador, ex komandan jeneral fos naval peyi nan La Paz, 26 Jyen 2024.

Gouvenman Bolivyen an te gen enfomasyon kom kwa yon tantativ kou deta tap pare anvan komandan milite pi wo plase peyi a ak twoup li yo te fose antre nan pale pezidansyel la semen sa a. Se sa yon minis gouvenman an deklare jodi Jedi 27 Jyen an.

Vis Prezidan MAS la Gerardo Garcia akize gouvenman an deske se limenm ki konplote kou deta a.

Tantativ kou deta rate Mekredi a dire kek he d tan e li deklanche kondanasyon vit e prese lide toupatou nan mond lan. Lide sa yo soulve ke sote yo deske peyi Amerik di Sid la toujou nan danje.

Inite milite yo te mobilize Mekredi epi pran direksyon plas santral La Paz la, epi apre sa eseye kraze pot pale a ak yon blende pou pemet solda yo kouri antre andedan an.

Solda yo te fini pa bat yon retre, e lapolis te reprann kontwol plas la.

Prezidan Luis Arce pat pedi tan pou l nomen yon nouvo jeneral.

Jodia, se lapolis ki tap veye pale a anba lavil La Paz men moun te ka we enpak zak vyolans ki te dewoule pandan tantativ kou deta a.

Devan katye jeneral Fos Polis Espesyal la, kote lide koudeta Mekredi a toujou anba kod, patizan gouvenman yo te kritike kou a epi fe konnen yo apiye demokrasi.

Yon manifestan di AP: "Li enkwayab ke nan 21em syek la, yon tantativ kou deta taka dewoule. Nou defann dwa konstitisyonel la, dwa demokratik ke tout Bolivyen jwi. Nou fe yon veye ki dire tout nuit la.

Luisa Torrez vann jounal nan lari.

"Nou te gen gwo ke sote paske se yon evenman malere ki mete tout moun nan danje. Plis pase tout bagay nou gen ke sote pou senp sitwayen yo. Machann yo pe paske nap viv de jou an jou. Donk sa preokipe nou men gras a Dye yo rezoud li epi tout bagay kalm kounyea."

Gen anpil Bolivyen AP entevyouwe ki akize Arce deske li fabrike yon gwo dram pou ogmante popilarite li ki bese anpil. Se menm bagay Jeneral Zuniga di.

Evaristo Mamani se yon avoka ak pwofese.

"De lwen, ou ka we se yon bagay byen planifye - yon oto-kou deta regretab. Mwen te we kek koleg, anplwaye leta ki tap grinyen dan yo. Eben si sete yon kou deta tankou sa nou te pran an 2019 la ou patap ka fe sa. Donk m kwe yo te konn tout bagay."

Gen Bolivyen ki te soulve menm dout sa yo sou rezo sosyal yo tou.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan AP ak Reuters

XS
SM
MD
LG