Accessibility links

Breaking News

Chèf lame Peyi Bolivi a Jwenn Arestasyon li apre li te Fè Yon Koudeta Rate


Bolivian General Juan Jose Zuniga is presented following his arrest by the authorities for a coup attempt in La Paz
Bolivian General Juan Jose Zuniga is presented following his arrest by the authorities for a coup attempt in La Paz

Chèf lame Bolivi a jwenn arestasyon li Mèkredi apre li te voye sòlda ak tank pran pozisyon devan kèk bilding gouvènman an, sa ke Prezidan Luis Arce rele yon tantativ koudeta.

Twoup yo te antre ak tank mèkredi apremidi nan Plaza Murillo, ki se yon plas istorik kote prezidans la ak Kongrè a sitiye, sa ki te deklannche kondanasyon mondyal kont sa peyi yo rele yon atak sou demokrasi.

Youn nan tank yo te chache kraze yon pòt an metal nan palè prezidansyèl la.

Ansyen chèf lame a Jeneral Juan Jose Zuniga ki te gen sòlda ak 8 tank ki te antoure l, te di "fòs lame yo gen entansyon re-òganize demokrasi a, fè li tounen yon vrè demokrasi e yo pa yon demokrasi ki gen nan tèt li yon sèl moun kap dirije li pandan 30, 40 ane."

Yon ti tan apre sa, repòtè AFP te wè sòlda ak tank yo ki t ap wete kò yo sou plas la.

Soulèvman an te dire apeprè 5 èdtan.

Yon ti tan apre, Zuniga te anba men lapolis ki te fòse li antre nan yon machin lapolis pandan li t ap pale ak repòtè devan yon kazèn militè, dapre sa ki te parèt nan imaj televizyon leta peyi a.]

Minis Enteryè Adjwen Jhonny Aguilera te di Zuniga "Jeneral, ou sou arestasyon".

Prezidan Arce ki te kanpe sou yon balkon palè gouvènman an devan dè santèn sipòtè, te di : "Pyès moun pa ka retire demokrasi sa a ke nou te goumen pou genyen."

Anvan sa, li te mande "pèp Bolivyen an pou li òganize epi mobilize kont koudeta an favè demokrasi a," li te pale konsa ak peyi a nan yon mesaj ki pase sou televizyon leta kote li te kanpe ansanm ak minis li yo andan palè prezidansyèl la.

Li enstale tout nouvo lidè militè yo nan tèt lame a, apre li te fin revoke Zuniga.

Anvan Zuniga te jwenn arestasyon li, li te di repòtè yo ke se prezidan an menm ki te di l pou l òganize yon soulèvman, konsa pou li deklanche yon koukouwouj kont rebelyon an, sa ki ta fè l parèt fò epi remonte popilarite li ki desann.

Zuniga di ke nan yon reyinyon Dimanch la, li te mande Arce "konsa nou dwe vini ak machin blende?" Li di ke prezidan an te reponn, "mennen yo vini."

Jeneral la te di: "Arce te pase lòd pou "moute yon bagay pou remoute popilarite li".

Ansyen prezidan Evo Morales te ekri sou X ke "yon koudeta ap prepare" e li te mande tou yon "mobilizasyon nasyonal pou defann demokrasi."

XS
SM
MD
LG