Accessibility links

Breaking News

Etazini: Lajistis Akize Yon Ansyen Diplomat Ameriken Kòm Yon Ajan Espyonaj Pou Kiba


EEUU-EMBAJADOR ARRESTADO
EEUU-EMBAJADOR ARRESTADO

MIAMI (AP) — Depatman Lajistis di ke yon ansyen diplomat Ameriken ki te sèvi kòm anbasadè Etazini nan peyi Bolivi tonbe anba akizasyon kòm ajan sekrè pou sèvis ransèyman Kiba, kòmanse depi nan lane 1981.

Dokiman tribunal la montre ke Manuel Rocha te patisipe nan "aktivite anba chal" nan non Kiba pandan plizyè dizèn ane, antwòt nan rankont ak ajan ransèyman Kiben.

Plent sa te depoze nan tribinal federal nan Miami, epi li gen ladan l akizasyon ke li te aji kòm ajan illegal pou yon gouvènman etranje ak lòt krim.

Li te prezante nan tribinal lendi apremidi epi li ap rete fèmen nan prizon jiskaske gen yon seyans depozisyon Mèkredi pou konnen si yo ka lage li sou kosyon.

XS
SM
MD
LG