Accessibility links

Breaking News

Atak Mòtèl nan Krime: Diplomasi Ris la Konvoke Anbasadè Ameriken an


Russia US Journalist
Russia US Journalist

Diplomasi Larisi anonse Lendi ke li te konvoke anbasadè Ameriken an nan Moskou pou avèti li sou pwochen "mezi vanjans" ke Larisi gen pou pran bò kote pa li, apre Ikrèn te lanse yon atak pou fè san koule nan Krime, rejyon ke Larisi te anèkse.

Dapre otorite ris yo se misil ameriken ke Ikrèn te itilize pou atak sila.

Minis Afè Etranjè Ris la di nan yon kominike ke li te enfòme diplomat Lynne Tracy ke "Etazini, ki nan yon lagè ak Larisi, tounen yon pati konfli" Ikrèn nan e ke "pwal gen vanjans".

XS
SM
MD
LG