Accessibility links

Breaking News

Atak ki Fè san Koule nan Krime, Moskou Lonje Dwèt sou Washington


Russia Ukraine
Russia Ukraine

Larisi akize Etazini dimanch apre Ikrèn te lanse yon atak sou Krime kote li touye 4 moun epi blese plizyè lòt.

Moskou di Etazini genyen "responsablite" pou atak ki fèt sou Krime, yon penensil ke LaRisi te anekse, kidonk ajoute sou teritwa li, e pou atak la, Ikrèn te swadizan itilize misil Ameriken ATACMS yo.

Ministè Defans Ris la di nan yon konferans pou laprès ke "Atak misil sa kote Ikrenyen atake sivil kareman nan Sebastopol, se sitou responsablite Washington ki te bay Ikrèn zam sa yo," e li di ke otorite yo nan Kyèv gen responsabilite pa yo tou.

Li kontinye pou l di ke "Aksyon konsa p ap rete san repons".

Dapre lame Ris la, fòs Ikrenyen yo te tire 5 misil ATACMS, e lame ris te bare 4 nan yo.

Nan mwa Avril, Washington te anonse ke li te voye nan Ikrèn misil ATACMS ki ka tire lwen, ki depi lontan te ap soupriye peyi lwès yo pou yo ba li jan de misil sa yo pou yo kapab atake pozisyon ki pi lwen andan Larisi.

Ni Ikrèn ni Etazini pa fè okenn kòmantè sou atak Sebastopol la.

XS
SM
MD
LG