Accessibility links

Breaking News

Stoltenberg: "Loksidan ta Dwe 'Enpoze Sanksyon' sou Lachin pou Sipò Li Bay Larisi"


FILE PHOTO: NATO defence ministers meet in Brussels
FILE PHOTO: NATO defence ministers meet in Brussels

Chèf Òganizasyon Trete Atlantik Nò a deklare peyi lwès yo ta dwe 'enpoze yon pri' sou Lachin pou sipò li ap bay Larisi pandan lagè Ikren nan.

Jens Stoltenberg, mande Lendi 17 jen an pou pou Lachin fè fas ak kèk konsekans si li kontinye sipòte Larisi, e li akize Peken komkwa li koze sitiyasyon an vin pi deteryore nan Ikrèn, pandan yon lòt kote y ap chèche gen pi bon relasyon ak peyi Lwès yo.

Nan Washington, pandan yon konferans pou laprès ki te fèt nan Wilson Center a Stoltenberg te deklare "Peken pa ka chita ap fè mouvman woulem de bò. Gen yon lè kap rive si Lachin pa mete dlo nan divin li, peyi Loksidan yo - ta dwe enpoze sanksyon kont li . Sipoze gen konsekans ".

XS
SM
MD
LG