Accessibility links

Breaking News

Etazini Anonse yon Nouvo Vag Sanksyon Ameriken Kont Larisi


G7 Finance Ministers
G7 Finance Ministers

Mèkredi, Etazini revele yon nouvo seri sanksyon ki vize pou kwape efò lagè Ris la nan Ikrèn.

Objektif seri sanksyon sa yo se mete presyon sou enstitisyon finansye ki gen rapò ak ekonomi Ris la. Desisyon pou mezi sa yo te pran anvan somè G7 la ki gen pou fèt nan fen semèn nan an Itali.

Sekretè Trezò ameriken Janet Yellen te pale sou mezi sa yo, ki gen ladan sanksyon ki vize plis pase 300 antite, ki gen ladan Mache labous Moskou la.

Li te deklare "Mezi yo anonse jodi a chenmen kote Larisi pwokire materyèl ak ekipman entènasyonal, ki gen ladan depandans li yo sou pwovizyon esansyèl ki soti nan peyi tye mond yo".

XS
SM
MD
LG