Accessibility links

Breaking News

Meksik ap Tann Rezilta Eleksyon Prezidansyèl la


Responsab elektoral ak obsevate kap suiv dewoulman pwosesis la suiv pandan responsab yo konte bilten yo nan eleksyon jeneral peyi Meksik la nan Meksiko Siti, 2 Jyen 2024.
Responsab elektoral ak obsevate kap suiv dewoulman pwosesis la suiv pandan responsab yo konte bilten yo nan eleksyon jeneral peyi Meksik la nan Meksiko Siti, 2 Jyen 2024.

Biwo vòt yo fèmen nan peyi Meksik apre eleksyon ki pral pwobableman bay peyi a premye prezidan fanm li. Sepandan, chalè, zak vyolans ak divizyon ki egziste nan mitan popilasyon an te kontinye jis nan fen vot la.

Moun te vote nan vil Cuitzeo nan eta Michoacan nan rejyon wès peyi a malgre youn nan kandida pou pòs konsèy minisipal la te mouri anba bal 2 nèg sou motosiklèt ki tire l kèk hè d tan anvan eleksyon an te tanmen.

Gen yon afè 100 milyon moun ki enskri pou vote o Meksik. Yo tap vote pou chwazi moun ki pral ranplase Prezidan Andres Manuel Lopez Obrador.

Elektè yo tap chwazi tou gouvènè nan 9 sou 32 eta epi kandida pou tou le 2 chanm palman an, plizyè milye majistra ak lot responsab lokal.

XS
SM
MD
LG