Accessibility links

Breaking News

Afrik Di Sid: Kongrè Nasyonal Afriken (ANC) Sanble Ka Pèdi Majorite Li Genyen nan Palman an


A man walks past election posters of the ruling African National Congress (ANC), as South Africa prepares for the May 29 general elections, in Soweto, May 24, 2024.
A man walks past election posters of the ruling African National Congress (ANC), as South Africa prepares for the May 29 general elections, in Soweto, May 24, 2024.

Kongrè Nasyonal Afriken an, ki gen ti non ANC, sanble sou wout pou pèdi majorite ke li gen nan palman an depi 30 lane, dapre sa ki parèt nan rezilta ki pako konplè sou eleksyon nasyonal Afrik di Sid la, nan sa ki ta pi gwo chanjman nan politik peyi a depi finisman apartheid la.

Rezilta ki soti nan 16 pousan biwo vòt moutre ke pati ANC, pati Nelson Mandela a, pran 42.6 pousan vwa nan vòt ki fèt ayè mèkredi a, pati Alyans Demokratik la ki anfavè biznis pran 25.8 pousan, epi pati Konbatan Marksis pou Libète Ekonomik jwenn 8.5 pousan, dapre chif ki soti nan komisyon elektoral la.

Si rezilta final yo sanble ak rezilta preliminè yo, ANC ta oblije fè antant ak youn ou lòt pati pou li ka gouvène – yon sityasyon ki ka mennen nan yon politik frajil nan semenn oswa mwa ki ap vini yo.

XS
SM
MD
LG