Accessibility links

Breaking News

Palman Eta Lwizyàn Apwouve yon Pwojè-Lwa ki Klase Grenn pou Avòtman nan Kategori Remèd Danjere


FILE - Boxes of the drug mifepristone sit on a shelf at the West Alabama Women's Center in Tuscaloosa, Alabama, March 16, 2022.
FILE - Boxes of the drug mifepristone sit on a shelf at the West Alabama Women's Center in Tuscaloosa, Alabama, March 16, 2022.

BATON ROUGE, La. (AP) — Palmantè eta Lwizyàn yo apwouve yon pwojè-lwa ke peyi a pa te janm konnen anvan, ki klase 2 remèd pou avòtman kòmkwa se remèd kontwole ki danjere.

Vòt final la fèt nan Sena a Jedi malgre anpil kritik bò kote doktè yo ki moutre ke remèd yo ede tou nan kèk swen sante ki enpòtan anpil pou medam yo nan kesyon repwodiksyon.

Yo di chanje klasifikasyon an ka fè li pi difisil pou preskri remèd yo, retade tretman enpòtan pou pasyan yo.

Pwojè-lwa a pwale kounye a nan biwo Gouvènè Repibliken konsèvatè Jeff Landry, ki deja eksprime sipò pou li.

XS
SM
MD
LG