Accessibility links

Breaking News

Sondaj Montre Malgre Plizyè Entèdiksyon ak Restriksyon Sou Dilatasyon Gen Omwen 8,000 Fanm Chak Mwa ki Resevwa Grenn Pou Jete Timoun


Abortion Pills Vermont
Abortion Pills Vermont

Yon nouvo sondaj di founisè medikal yo te preskri grenn avòtman bay apeprè 8,000 fanm chak mwa nan eta ki gen entèdiksyon sou avòtman nan fen ane 2023 a.

Gwoup k ap goumen anfavè dwa pou fanm fè avòtman (Society for Family Planning) pibliye sondaj #WeCount li a Madi 14 me 2024 la ki montre founisè yo nan eta ki gen lwa k ap chèche pwoteje yo kont pouswit lòt eta yo t ap ekri preskripsyon ki kouvri anviwon 1 sou 10 avòtman nan peyi a.

Poko gen pwotestasyon legal nan lwa yo nan eta ki anba kontwòl demokrat yo e ki ap eseye pwoteje founisè swen sante yo kont entèdiksyon nan eta ki anba kontwòl Repibliken yo.

XS
SM
MD
LG