Accessibility links

Breaking News

Biden Anile Dèt Lekòl Pou 160.000 Lòt Etidyan


U.S. President Joe Biden arrives at Boston Logan International Airport
U.S. President Joe Biden arrives at Boston Logan International Airport

Administrasyon Biden nan ap anile dèt lekòl pou 160.000 lòt etidyan nan yon konbinezon pwogram ki ekziste deja.

Depatman Edikasyon Etazini anonse ayè mèkredi a dènye seri dèt ke gouvènman an ap anile, kote Ministè a di li pwal efase 7.700.000.000 dola dèt federal etidyan. Ak dènye aksyon sa a, administrasyon an di li anile 167 milya dola dèt lekòl pou preske 5 milyon Ameriken gras ak plizyè pwogram.

“Depi premye jou administrasyon mwen an, mwen te pwomèt pou m goumen pou asire ke edikasyon nan nivo inivèsite se yon tikè pou moun antre nan klas mwayèn, pa yon baryè pou anpeche moun jwenn opòtinite,” se sa Prezidan Joe Biden di nan yon deklarasyon. Li di tou, “Mwen p ap janm sispann anile dèt etidyan – san okipe konbe fwa otorite eli Repibliken chache bloke nou.”

Nouvo peman Biden nan, ki rele Plan SAVE, ofri yon wout pi rapid pou padone dèt pase plan ki te la anvan yo.

XS
SM
MD
LG