Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Blinken di Vòl Liy Avyon Ameriken yo Pral Rekòmanse Men ke PNH la Bezwen Plis Sipò pou li Pran Kontwòl Sitiyasyon an


U.S. Secretary of State Blinken testifies before a Senate Foreign Relations Committee hearing on Capitol Hill in Washington
U.S. Secretary of State Blinken testifies before a Senate Foreign Relations Committee hearing on Capitol Hill in Washington

WASHINGTON, 21 Me (Reuters) – Madi 21 Me 2024 la nan yon depozisyon devan Sena Ameriken an Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken di li prevwa pou avyon pasaje ameriken rekòmanse vòl yo ann Ayiti nan jou kap vini yo.

Bliken avèti tou ke fòs polis peyi a (PNH) bezwen plis sipò pou li ka pran tout kontwòl sitiyasyon an.

Blinken di nan yon depozisyon devan Sena Etazini an ke Polis Nasyonal Dayiti te gen plis siksè nan semèn ki sot pase yo nan tabli sekirite nan kapital la Pòtoprens epi ke yo repran nan men gang ame yo kontwòl ayewopò a ak enfrastrikti ki enpòtan anpil nan peyi a.

XS
SM
MD
LG