Accessibility links

Breaking News

Ayewopò Pòtoprens Relouvri, Prèske Twa Mwa Apre li Te Oblije Fèmen


Pasaje yo tann pou monte nan avyon World Atlantic la nan ayewopò entenasyonal Toussaint Louverture la nan Pòtoprens, Ayiti, 20 Me, 2024.
Pasaje yo tann pou monte nan avyon World Atlantic la nan ayewopò entenasyonal Toussaint Louverture la nan Pòtoprens, Ayiti, 20 Me, 2024.

Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture nan kapital ayisyen an Pòtoprens rekoumanse fonksyone lendi 20 Me a pou vòl komèsyal, 2 mwa edmi apre li te oblije fèmen akòz vyolans gang nan alantou li.

Jiskaprezan se sèl konpayi ayisyen Sunrise Airways ki rekòmanse koneksyon li ant Miami ak Pòtoprens.

Sunrise Airways di AFP li te gen yon vòl pou ale Florid, ki te soti nan ayewopò Toussaint Louverture, premye vòl li nan ayewopò sila depi li te fèmen an.

Sunrise Airways pwograme vòl li pou chak Lendi, Mèkredi ak Samdi.

Konpayi ameriken American Airlines di AFP li kanpe sou vòl li pou kapital Ayiti a jiska 29 Me akòz "boulvès sivil nan Pòtoprens".

Konpayi an di "Nou pral kontinye kontwole sityasyon an sou kesyon sekirite epi nou ap ajiste operasyon nou yo jan sa nesesè".

XS
SM
MD
LG