Accessibility links

Breaking News

Pasyan ki Te Resevwa yon Grèf Ren Kochon an Mouri


Pig Kidney Transplant Experiment
Pig Kidney Transplant Experiment

Premye pasyan vivan ki te resevwa yon grèf ren kochon apre modifikasyon ki te fèt ladann, li mouri 2 mwa apre operasyon an, se sa lopital ameriken ki te fè li a rapòte.

“Mass General tris anpil pou mò sibit Msye Rick Slayman. Nou pa gen siy ki moutre se akoz grèf ke li te resevwa pa lontan an, » se sa lopital Boston an di nan yon deklarasyon ke li pibliye samdi swa.

Premye fwa sa te fèt nan mond la, chirijyen nan Lopital Jeneral Massachusetts te grefe nan mwa Mas pase yon ren kochon apre yo te fè kèk chanjman ladan, sou Slayman, ki te gen 62 lane nan moman an pandan li t-ap soufri ak yon maladi ren ki te rive nan dènye faz li.

Deklarasyon lopital-la di « Slayman ap toujou rete yon far lespwa pou anpil pasyan nan mond la ki bezwen grèf ògàn, pou avansman nan syans ki rele xenotransplantasyon. »

XS
SM
MD
LG