Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewopeyen kondane Atak sou Entènèt kont Almay ak Repiblik Tcheki kote yo Akize Moskou


Illustration shows figurines with computers and smartphones in front of Russia flag
Illustration shows figurines with computers and smartphones in front of Russia flag

Tout 27 manm Inyon ewopeyen an "kondane ak tout fòs" kanpay atak sou entènèt ki fèt sou Pati Sosyal Demokrat Alman an (SPD) ak kèk enstitisyon nan Tcheki. Inyon Ewòp di se yon gwoup ke Ris "kontwole " ki fè atak la, se deklarasyon chef diplomasi inyon an Josep Borrell fè vandredi nan non tout eta manm yo.

Inyon Ewopeyen an te deja enpoze sanksyon an 2020 sou moun ak gwoup ki konekte ak gwoup pirat ki rele APT28, e li "gen detèminasyon pou pran yon pakèt mezi pou bare, dekouraje ak reponn move konpòtman Larisi nan espas entènèt la.".

XS
SM
MD
LG