Accessibility links

Breaking News

Hamas Di Li Ap Eseye Konsidere Antant Pou Gen Yon Kanpo nan Lagè a


A Palestinian child transporting pieces of wood walks past a building destroyed by Israeli bombardment in Gaza City on May 3, 2024.
A Palestinian child transporting pieces of wood walks past a building destroyed by Israeli bombardment in Gaza City on May 3, 2024.

Hamas fè konnen li ap konsidere ak yon « espri pozitif » yon antant pou lagè Gaza a sispann, apre l-ONU sot avèti ke rebati teritwa palestinyen ki devaste a ta mande efò ke mond la pa janm wè depi 2èm Gè Mondyal la.

Apre dè mwa negosyasyon tonbe-leve, Hamas bay yon ton pozitif pou dènye pwopozisyon ki di lage otaj pou batay-yo kanpe, sa ki soulve espwa ke 2 kan yo ka jwenn yon antant anvan lontan – menm lè travayè medikal yo nan Gaza ki anba syèj rapòte nouvo frap sou pati ki nan dènye bout sid Gaza a jodi vandredi a.

Chef Hamas, Ismail Haniyeh, di gwoup la ap voye talè konsa yon delegasyon ann Ejip pou fini diskisyon ki deja ap fèt pou goumen an sispann, e pou rive jwenn yon antant ki “reyalize reklamasyon moun nou yo.”

Haniyeh di medyatè yo ki soti nan Ejip ak Katar, lè-l te pale nan telefòn ak yo ayè jedi a, ke Hamas ap etidye dènye pwopozisyon Izrayèl la ak yon “espri pozitif”.

XS
SM
MD
LG