Accessibility links

Breaking News

Ostrali: Manifestasyon Kont Lagè Izrayèl la nan Inivèsite Sydney


Members of the Australian Palestinian community shout slogans at the Palestinian Protest Campsite at University of Sydney in Sydney on May 3, 2024.
Members of the Australian Palestinian community shout slogans at the Palestinian Protest Campsite at University of Sydney in Sydney on May 3, 2024.

Dè santèn sipòtè Izrayèl ak Gaza antre nan konfwontasyon nan Inivèsite Sydney nan peyi Ostrali jodi vandredi a, tankou se eko manifestasyon nan inivèsite Etazini yo ak boulvès Mwayenn Oryan an ki rive sou yon kanpis ki sou yon kontinan pa lòt bò mond la.

Manifestan rival yo rive len anba je lòt pou yo chante slogan ak souke drapo. Men kan menm, apa de kèk diskisyon chofe, manifestasyon ant tou le 2 kan yo te fini pasifikman.

Men sete yon lòt siy ke lagè Gaza a, ki ap kouri sou 7èm mwa li, ak lagè kiltirèl Etazini yo ki pa sispann, ap travèse plizyè oseyan pou al chofe kouran politik.

Dè douzèn tant ki kanpe e ki gen banyè ak drapo palestinyen tounen depi 10 jou pwen santral pou dè santèn manifestan – pami yo etidyan – ki kont envazyon atè ak bonbadman ke Izrayèl ap fè nan Gaza.

XS
SM
MD
LG