Konsèy sa a ki gen ladan 9 manm - 7 ki ka vote ak 2 obsèvatè - reyini reprezantan prensipal pati politik yo nan peyi a, melanje ak sitwayen nan sektè prive a ak sosyete sivil la.
Dapre dokiman sila Manda konsèy la ap bout "nan dat 7 fevriye 2026”.
Konsèy la ap ranplase Premye Minis konteste Ariel Henry, ki te anonse nan 11 mas 2024 ke li ap remèt demisyon li kou konsèy la enstale.
Dimanch 7 avril la, manm konsèy ki t ap fòme a yo te voye akò politik la ak yon dekrè bay otorite Caricom yo, se sa yon sous ofisyèl politik di AFP.
Gwoup rejyonal la ap oblije transmèt dokiman sa yo bay gouvènman sòtan an Ariel Henry pou konfime enstalasyon konsèy la nan Jounal Ofisyèl la.
Premye travay konsèy sa gen pou fè se pral chwazi yon premye minis ki, ansanm ak konsèy la, pral nonmen yon gouvènman pou dirije peyi a pou mennen nan "eleksyon demokratik, onèt e ke moun ap fè konfyans", dapre akò a.
Okenn nan manm konsèy la oswa nan gouvènman an pap kapab kandida nan eleksyon sa yo.
Negosyasyon yo ki te dewoule anba sipèvizyon Caricom, te gen anpil reta akòz dezakò ant pati yo ki responsab pou nonmen pwochen premye minis la epi akoz dout sou kesyon pou konnen si yon konsèy konsa legal.
Konsèy tranzisyon an tabli twa priyorite: "sekirite, refòm nan konstitisyon an, ak eleksyon".
Konsa akò politik la anonse kreyasyon yon konsèy sekirite nasyonal ki fòme ak ekspè, konsèy ki pral sipèvize tout akò ki gen rapò ak asistans sekirite entènasyonal, antwòt sou kesyon pou resevwa yon misyon ke Nasyonzini apiye.
Nouvo konsèy sa gen pou li chita nan Palè Nasyonal la nan sant kapital la Pòtoprens, palè ke gang ame te eseye atake plizyè fwa nan semèn ki pase yo.