Accessibility links

Breaking News

Prezidan Asanble Nasyonal Lafrik di Sid la Demisyone Apre Akizasyon Koripsyon tonbe sou Dol


Former South African National Assembly Speaker Nosiviwe Mapisa-Nqakula appears in court on corruption charges, in Pretoria
Former South African National Assembly Speaker Nosiviwe Mapisa-Nqakula appears in court on corruption charges, in Pretoria

JOHANNESBURG (AP) — Prezidan Asanble Nasyonal Afrik di Sid la demisyone, li abandone chèz li nan palman an poutèt akizasyon koripsyon ki tonbe sou do li.

Demisyon Nosiviwe Mapisa-Nqakula vini yon jou apre li te echwe nan yon efò nan tribinal pou bloke arestasyon li.

Avoka gouvènman an yo te di semèn pase yo gen entansyon akize li pou zak koripsyon.

Mapisa-Nqakula anba akizasyon kòmkwa li te resevwa apeprè $ 135,000 lajan anba tab nan men yon kontraktè nan sektè defans pandan 3 ane li te pase kòm minis defans, ant Desanm 2016 ak Jiyè 2019.

Mapisa-Nqakula anonse nan yon deklarasyon Mèkredi ke li bay demisyon li men li ensiste ke li inosan nan krim yo.

XS
SM
MD
LG