Accessibility links

Breaking News

Etazini an ap Chanje jan li Klase Moun Selon Ras yo


Categorizing Race Ethnicity
Categorizing Race Ethnicity

Gouvènman Etazini an ap chanje jan li klase moun selon ras yo ak gwoup etnik yo, nan yon aksyon ki, dapre sa otorite yo espere, pwal konte pi byen moun ki idantifye tèt-yo kòm panyòl oubyen moun nan Mwayenn Oryan-an ak sa yo ki gen eritaj nan Nò Afrik la.

Revizyon sa yo ke Biwo Administrasyon ak Bidjè anonse ayè jedi a, se premye chanjman ki fèt nan kategori ofisyèl-yo ki la depi 27 an e sa make yon efò pou konte popila-syon Etazini an ak plis presizyon. Moun yo ki sipòte revizyon yo di sa pwal idanfye moun yo pi byen epi ede defini distri vòt yo, elatriye.

Kèk moun nan Etazini p ap gen tan wè chanjman sa yo jouk rive nan resansman 2030 la, bagay ki fèt yon fwa chak dizèn lane, men gen lòt ki ka wè revizyon yo parèt pi bonè, tankou nan aplikasyon pou yo ranpli epi nan ankèt gouvènman federal la ak gouvènman eta yo, biznis prive yo ak inivèsite ki sou lòd Washington.

XS
SM
MD
LG