Accessibility links

Breaking News

2 Mesye Mouri Anba Men yon Foul Ayisyen ki te Konprann yo tap Achte Minisyon pou Gang


Lapolis peyi d Ayiti di gen 2 mesye ke yon foul touye akoz yo te kwè yo tap achte minisyon oubyen zam pou gang kap teworize peyi a.

Lapolis konfime Samdi ke foul la pran mesye yo nan men lapolis apre yo te jwenn yo ak $63,000 lajan kach nan machin yo.

Ensidan an rive Vandredi nan yon vil nan zòn Mirebalais.

Lapolis te sanble tire anlè pou anpeche foul la touye mesye yo men foul la te touye yo kanmenm.

Youn nan viktim yo te yon polisye. Lòt la te yon ansyen gad.

XS
SM
MD
LG