Accessibility links

Breaking News

La Frans Mete Vòl Espesyal an Plas pou Evakye Resòtisan li yo an Ayiti


Moun yo evakye soti Ayiti rive abo yon elikopte Ameriken nan ayeropo Las Americas la nan Santo Domingo, Repiblik Dominikenn, 22 Mas, 2024.
Moun yo evakye soti Ayiti rive abo yon elikopte Ameriken nan ayeropo Las Americas la nan Santo Domingo, Repiblik Dominikenn, 22 Mas, 2024.

Lafrans mete an plas Dimanch plizye vòl espesyal pou evakye resòtisan "pi vilnerab li yo" pou pati kite Ayiti.

Vòl sa yo, ke Ministe dèz Ame afrete, pral tanmen Dimanch, dapre sa ministè afè etranjè Lafrans presize.

Tout vòl ayeryen komèsyal ki tap fèt nan ayewopò entènasyonal Pòtoprens la kanpe akoz ensekirite a.

"Anbasad de Frans nan Pòtoprens rete ouvè epi lap pousuiv aktivite li yo malgre kondisyon yo degrade" deklarasyon ministè a fè konnen.

Li ajoute: "Anbasad la rete antyèman mobilize pou soutni kominote fransèz ki sou plas la."

Gen apepre 1,100 sitwayen franse - anpil nan yo gen doub nasyonalite - kap viv an Ayiti, dapre done Quai d'Orsay pibliye.

"Nou envite resòtisan yo siyale anbasad de Frans nan Pòtoprens nan nimero +509 29 99 90 90 si yo poko fè l deja."

Ministè a di li poko konnen ki kantite moun ki ka konsène.

XS
SM
MD
LG