Accessibility links

Breaking News

Chèf Gang Ayisyen 'Ti Greg' Mouri Pòtoprens


Polsye PNH konfwonte gang ame yo tou pre Pale Nasyonal la nan Potoprens, 21 Mas, 2024.
Polsye PNH konfwonte gang ame yo tou pre Pale Nasyonal la nan Potoprens, 21 Mas, 2024.

Plizyè atak dewoule Pòtoprens Jedi, pami yo youn kote yon chèf gang pèdi lavi yo. Pandansetan, gwoup politik yo sanble ap avanse nan pwosesis pou finalize manm konsèy tranzisyon prezidansyèl ki va dirije Ayiti.

Yon operasyon polis nasyonal la debouche sou lanmò chèf gang Delmas 95 la, Ernst Julme ke moun konnen sou non "Ti Greg" yon jou apre yon lot chèf gang te fè vwal pou peyi san chapo nan yon operasyon "bwa kale" dapre sa lapolis ak lòt sous konfime pou ajans nouvèl Reuters.

Lanmò Julme (Ti Greg) ki se yon manm alyans "Viv Ansanm" Jimmy "Barbecue" Cherizier a se yon gwo kou pou tantativ gang yo ap fè pou pran kontwòl plis katye nan Pòtoprens. Sa pa gen lontan, Julme te chape poul li kouri kite penitansye nasyonal Pòtoprens la kote li te fèmen nan yon kokenn chenn evazyon prizonye.

Sekretè-Jeneral Nasyonzini Antonio Guterres bat bravo pou nouvèl ki di kòm kwa gwoup politik yo fin seleksyone tout manm konsèy tranzisyon an, dapre sa yon potpawòl LONU di laprès.

Konsèy la gen kom objektif pou reyini klas politik divize AYisyèn nan epi nomen yon ranplasan pou Premye Minis Ariel Henry, ki te anonse entansyon l pou l demisyonen 11 Mas apre gang yo te anpeche l retounen Ayiti.

Plan tranzisyon an te anonse nan La Jamayik pandan yon rankont ijan CARICOM (Kominote Karayib la) ansanm ak reprezantan gouvènman Ayisyen an ak opozisyon an. CARICOM te pibliye yon lis gwoup politik ki tap gen reprezantasyon nan konsèy la.

Yo ta dwe finalize 9 manm konsèy prezidansyèl la kèk jou anvan demisyon PM Henry, men gen kèk faksyon politik ki patka antann yo sou yon sèl reprezantan.

Gen yon pati ki rejte plan an epi apre sa chanje lide, tandiske lòt gwoup ki pat enkli nan plan an kritike retou politisyen gouvènman presedan ke yo konsidere tankou koronpi.

Cherizier bò kote pa li menase pou l pran reprezay kont politisyen ak fanmi yo si yo patisipe nan konsèy pwopoze a.

XS
SM
MD
LG