Accessibility links

Breaking News

Ex Vis-Konsil Ayisyen Claude Joazard Mouri Pa Bal nan Zòn Okap


Claude Joazard
Claude Joazard

Dapre lapolis, yon ansyen vis-konsil Ayisyen ki tap travay nan Repiblik Dominikèn mouri pa bal tou pre yon ayewopò.

Pòt pawòl lapolis, Enspektè Arold Jean, di Associated Press Madi ke Claude Joazard mouri tou pre ayewopò entènasyonal vil Kap Ayisyen an.

Joazard te yon doktè ak ansyen kandida pou sena ki te travay kòm diplomat Ayisyen nan vil Dajabon nan Repiblik Dominikèn.

Vil sa a sitye tou pre fwontyè ak Ayiti a.

Li poko klè kisa ki motive krim la, ki dewoule Dimanch.

Poko gen okenn arestasyon ki fèt pa rapò ak ka sila a.

XS
SM
MD
LG