Accessibility links

Breaking News

24 Sòlda Izrayelyen Pèdi Lavi Yo Nan Gaza


Israeli soldiers operate in the Gaza Strip
Israeli soldiers operate in the Gaza Strip

Izrayèl rapòte lanmò 24 sòlda li nan Gaza, youn nan pi move jou pou lame Izrayèl la depi li te lanse kanpay li pou elimine gwoup militan Hamas la.

Pòtpawol lame Izrael la, Vis-Amiral Daniel Hagari, di jounalis yo 21 solda li t ap pare pou demoli 2 bilding ak ekplozif ayè lendi a lè yon militan te tire yon wokèt sou yon tank toupre a epi eksplozif nan bilding yo te sote epi kraze bilding-nan sou solda izraelyen yo. 3 lòt solda izraelyen mouri nan yon lòt atak.

Premye-minis Izrael la Benjamin Netanyahu di lame a ouvè « yon ankèt sou trajedi a. »

Li di : « … nou pa pwal sispann goumen anvan nou gen yon viktwa total. »

XS
SM
MD
LG