Accessibility links

Breaking News

Josep Borrell Lagè Izrayèl la Simen rayisman pou Plizyè Jenerasyon


FILE PHOTO: European Union leaders' summit in Brussels
FILE PHOTO: European Union leaders' summit in Brussels

Chef Inyon Ewòp-la, Josep Borrell, di jodi lendi a ke jan Izrayèl ap mennen lagè li a kont Hamas nan Gaza ap “simen rayisman pou plizyè jenerasyon.”

Borrell pale konsa anvan yon chita-koze jodi lendi a ant minis Inyon an yo ak Minis Afè Etranjè Izraelyen Israel Katz epi yon lòt chita-koze ak prensipal diplomat Pouvwa Palestinyen an, Riyad al-Maliki.

“Nou gen nan tèt nou ki sa Hamas ye, ki sa Hamas te fè, e pa gen dout ke nou rejte e kondane,” se sa Borrell di jounalis yo. E li di ankò, “Men mwayen militè paka bati lapè ak estabilite, e sitou pa mòd mwayen militè sa a.”

Borrell se youn nan otorite nan loksidan ki kritike Izrael pou kantite moun ki viktim nan Gaza. Ministè sante ke Hamas ap dirije a di ke pou pi piti 25295 Palestinyen pèdi lavi, anpil nan yo fanm ak timoun. Ministè a pa di ki valè sivil ak ki valè konbatan Hamas ki pami mò yo.

Izrayèl akize Hamas kòmkwa li mete sivil an danje lè li opere nan zonn rezidansyèl epi nan yon rezo tinèl anba tè nan zonn sa yo.

XS
SM
MD
LG