Accessibility links

Breaking News

Blinken Ap Resevwa Tokay Chinwa li Wang Yi nan Fen Semèn nan


왕이 중국 외교부장(왼쪽)과 토니 블링컨 미국 국무부 장관(오른쪽)이 동남아시아국가연합(ASEAN) 외무장관 회의에서 만나 악수하고 있다 (자료사진)
왕이 중국 외교부장(왼쪽)과 토니 블링컨 미국 국무부 장관(오른쪽)이 동남아시아국가연합(ASEAN) 외무장관 회의에서 만나 악수하고 있다 (자료사진)

Chèf diplomasi Ameriken an Antony Blinken pral resevwa tokay Chinwa li Wang Yi nan fen semèn nan nan Washington, dapre sa otorite Ameriken yo anonse Lendi.

Vizit Wang Yi a ta ka nan kad preparasyon pou yon posib vizit Prezidan Xi Jinping Ozetazini nan fen ane a.

Vizit Wang Yi nan Washington, ki pwograme pou kòmanse Jedi pou fini Samdi, vini apre plizyè kontak ak negosyasyon nan dènye mwa yo ant otorite Ameriken ak Chinwa ki ap chache "jere" tansyon ki genyen ant 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG