Accessibility links

Breaking News

Blinken Pran Direksyon Izrael pou Montre Solidarite Etazini


Sekrete Deta Etazini Antony Blinken pran la pwol anvan li monte nan avyon pou l al Izrael, 11 Oktob, 2023.
Sekrete Deta Etazini Antony Blinken pran la pwol anvan li monte nan avyon pou l al Izrael, 11 Oktob, 2023.

Sekretè Deta Etazini Antony Blinken pran direksyon Izrael Mèkredi pou pousuiv yon misyon nan Mwayèn Oryan an kote lap chache anpeche lagè anvayi plis teritwa.

Objektif Etazini se montre solidarite li pou alye pi pwòch li nan rejyon Mwayèn Oryan an. Blinken sipoze rankontre responsab wo plase Izraelyen yo, pami yo Premye Minis Benjamin Netanyahu, pou diskite sou kijan Washington ka ogmante sipò militè li pi plis.

Bliken di jounalis yo anvan li te monte nan avyon pou l al Izrael: "Map pote yon mesaj trè senp e klè... ki se Lèzetazini apiye Izrael."

Sekretè Deta a pral travay ak alye Etazini nan rejyon an pou eseye jwenn liberasyon plis pase 100 moun ke Izrael di Hamas kenbe ann otaj - pami yo sitwayen Ameriken.

Diplomat pi wo plase Ameriken an pran avyon pou al Izarel nan moman peyi sa a tap fòme yon gouvènman inite dijans.

XS
SM
MD
LG