Accessibility links

Breaking News

Prezidansyèl nan Nijerya: Bola Tinubu Genyen Eleksyon yo


Nigerian ruling party's Tinubu holds final presidential election rally in Lagos
Nigerian ruling party's Tinubu holds final presidential election rally in Lagos

Se kandida pati ki sou pouvwa nan peyi Nijerya a, Bola Tinubu, ki jwenn plis vwa nan eleksyon prezidansyèl la, e dapre rezilta ofisyèl yo li se nouvo prezidan eli Nijerya.

Msye Tinubu nan pati APC jwenn 8 milyon 800-mil vwa, devan prensipal rival li Atiku Abubakar nan PDP ki gen 6 milyon 900-mil vwa, ak Pyè Obi nan Pati Travayè a ki gen 6 milyon 100-mil vwa).

Komisyon Elektoral Nasyonal la (INEC) poko konfime si Tinubu jwenn 25% vwa nan omwen de tyè nan 36 eta ki nan federasyon an ansanm ak kapital la Abuja, pou kapab deklare l venkè nan eleksyon an.

XS
SM
MD
LG