Accessibility links

Breaking News

Nijerya: Rezilta Eleksyon Moutre Bola Tinubu ap Pwoche sou yon Viktwa


Nigeria holds presidential and parliamentary elections
Nigeria holds presidential and parliamentary elections

Rezilta pwovizwa ki soti nan eleksyon prezidansyèl la ki an diskisyon nan Nijerya moutre Bola Tinubu nan pati o pouvwa a k ap pwoche sou yon viktwa, dapre sa ajans nouvèl Reuters ki t ap fè kontaj pa li nan 33 sou 36 eta yo ak nan kapital federal la Abuja, moutre madi.

Viktwa sa a ke Tinubu ka jwenn nan ta fè pati Kongrè Tout Pwogresis yo kenbe pouvwa a nan nasyon afriken ki pwodui plis petwòl e ki pi peple a, malgre li eritye yon pakèt pwoblèm ke prezidan ki pwale a kite pou li.

Nijerya ap lite anba rebelyon Islamis nan nòdès la, ansanm ak atak ak zam, asasinay ak kidnapping, epi konfli ant elvè bèt, pwoblèm lajan cash, kabiran ak blakawout, ak yon kòripsyon ki toujou la e ke, dapre opozisyon an, gouvènman Buhari a pa janm elimine malgre tout pwomès li pou l te fè sa.

Pandan rete sèlman 4 eta ki pako deklare rezilta pa yo, Tinubu te devan ak apeprè 34 pousan vwa kòrèk ki konte, e gen anpil chans ke yo ka deklare li venkè jodia nan eleksyon ki te dewoule nan wikenn nan.

Men kèk pati nan opozisyon an rejte rezilta yo pa dwat, apre tout pwoblèm teknik ke Komisyon Nasyonal Elektoral Endepandan an (INEC) te konfwonte ak yon nouvo teknoloji e jodia yo mande pou alatèt INEC a, Mahmood Yakubu, demisyone.

XS
SM
MD
LG