Ghana Kale Kore di Sid 3-2 nan Mondyal la
Mohammed Kudus make 2 gol pou Ghana epi ede seleksyon nasyonal peyi li evite eliminasyon nan Mondyal Foutbòl Qatar la. Ghana ranpòte la viktwa sou Kore di Sid nan match Gwoup H yo a 3-2. Cho Geu-sung make tou le 2 gòl Kore di Sid yo nan yon espas 3 minit konsa nan dezyem mitan an.

9
Antrene seleksyon nasyonal Kore di Sid Paulo Bento ak jwe Son Heung-min pale ak abit Anthony Taylor apre match kont Ghana a, 28 Nov. 2022.

10
Fanatik Ghana yo pandan match seleksyon naysonal la kont Kore di Sid nan Gwoup H la, nan Mondyal Foutbol Qatar la, Lendi 28 Nov. 2022.

11
Fanatik yo nan vil Seoul swiv match seleksyon nasyonal peyi yo kont Ghana, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.