Accessibility links

Breaking News

Tinedjè Gavi Ede Espay Vannen Kosta Rika 7-0 nan Mondyal Qatar la


Jwe Espayol Gavi a goch, selebre ak kanmarad li yo apre li make 5em gol la pou Espay nan match Gwoup E a kont Costa Rica, 23 Nov. 2022.
Jwe Espayol Gavi a goch, selebre ak kanmarad li yo apre li make 5em gol la pou Espay nan match Gwoup E a kont Costa Rica, 23 Nov. 2022.

Jèn ekip Espay la byen pase nan premye match yo nan Mondyal Foutbòl Qatar la, kote yo vannen Coasta Rica 7-0.

Dani Olmo, Marco Asenio ak Ferran Torres make yon gòl yo cha nan premye 31 minit yo.

Torres, Gavi, Carlos Soler ak Alvaro Morata ajoute sou avans Espay la nan dezyem mitan an.

Gol Olmo make a sete 100em pou Espay nan Mondyal.

Peyi a okipe 6em plas sou lis ki make plis pase 100 gòl nan tounwa a. Se premye fwa Espay janm make 7 gòl nan yon match Mondyal la.

XS
SM
MD
LG