Mwayen Oryan
- Serge Michel
Libi: Yon Majorite Palmantè yo Apwouve Ansyen Minis Enteryè Fathi Bashagha pou Dirije Nouvo Gouvènman an
Yon majorite nan palman peyi Libi apwouve ansyen minis enteryè Fathi Bashagha pou dirije yon nouvo gouvènman inite nasyonal.
Bashagha, yon islamis ak ansyen kòmandan milis ki se moun Misrata, sanble gen ase sipò fòs milisyen yo nan lwès peyi a pou-l ka fonksyone nan pòs la, malgre Premye-minis ki la a, Abdul Hamid Dbeibeh, refize desann.
Laprès nan Libi pibliye video sesyon palman an jedi nan bouk Tobruk nan lès peyi a, ki moutre prezidan palman an, Aguileh Saleh, ki ap anonse kote palman an apwouve nouvo premye-minis inite nasyonal la Fathi Gashagha ak yon majorite vwa.
Kèk minit apre, palman Libi a apwouve yon seri amandman nan konstitisyon an, ki pare teren pou eleksyon palmantè ak prezidansyèl nan 14 mwa. Eleksyon yo ki te fikse anvan sa pou 24 Desanm, te anile lè komisyon elektoral peyi a te anonse ke li pa te pare pou vòt la.
See all News Updates of the Day
Liban: 48 Moun Mouri nan Plizyè Atak Izrayelyen nan Lès la
Omwen 48 moun, ki gen ladan 2 timoun, te jwenn lanmò yo nan plizyè atak Izryaelyen nan lès peyi Liban, dapre yon rapò Ministè Sante Libanè a, ki bay lis bonbadman ki fèt sou plizyè lokalite nan pwovens Baalbeck, youn nan bastyon Hezbollah.
Ministè Sante a te site an patikilye yon "frap lènmi Izraelyen an" sou Al-Allaq ki te lakòz 10 moun mouri, yon lòt sou al-Hafir ki te li menm tou touye 10 moun ak yon bonbadman sou sektè Ram kote 9 moun te pèdi lavi yo.
Izrayèl Atake Iran, Liban ak Gaza Pandan Wikenn nan
Izrayèl ouvètman atak Iran ak yon vag avyon samdi pase a e kontinye ak atak li yo nan band Gaza ak nan Liban ki fè plizyè mò ak blese.
Konsèy Sekirite LONU Pral Diskite Atak Izrayèl Lanse Kont Iran
Konsèy Sekirite Nasyonzuni ap fè yon rankont dijans Lendi 28 Oktob pou diskite sou sityasyon an nan Mwayèn Oryan an apre atak reprezay Izrayèl lanse kont Iran.
Prezidan konsèy la, ki se reprezantan La Suis, deklare Iran mande pou yo fè rankont la ak apui Aljeri, Lachin ak Larisi.
Minis Afè Etranje Iranyen an, Abbas Araqchi deklare nan yon lèt li voye bay 15 manm konsèy la Samdi: "Aksyon rejim Izrayelyen an reprezante yon menas grav pou lapè ak sekirite entènasyonal e sa ka destabilize rejyon an pi plis.
Frap Izrayèl la bonè Samdi te gen ladann yon seri atak ayeryen ki te vize faktori Iranyen ki fabrike misil yo. Li vini kèk semèn apre Iran te lanse 200 misil balistik kont Izrayèl epi nan moman Izrayè
ap goumen ak militan Hamas ak Hezbollah ke Iran apiye nan Gaza ak Liban.
Lidè Siprèm Iran an, Ayatollah Ali Khamenei deklare frap Izrayelyen yo "pata dwe ni egzajere ni diminye". Men li pa mande kareman pou tire revanj. Sete premye atak Izrayèl lanse ouvètman kont enmi jire li.
Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu te deklare Dimanch ke atak yo atenn objektif Izrayèl yo ki gen ladann bloke kapasite defans Iran ak kapasite li pou l pwodui misil.
Anvan rankont konsèy la Lendi, Irak te pote plent devan LONU pou Izrayèl. Li plenyen pou di eta Ebre a vyole espas ayeryen li pou atake Iran.
Yon potpawol gouvènman Irakyen an di lèt la kondane vyolasyon espas ayeryen ak souvrènte peyi Irak.
Afrik di Sid di li Soumèt "Prèv" Zak "Jenosid" Izrayèl Komèt Bay Tribinal Entènasyonal la
Lafrik di sid li soumèt dosye "prèv" "jenosid" ke li di ke Izrayèl komèt nan Gaza bay Tribinal Entènasyonal Jistis la (ICJ).
Se Prezidan Sid Afriken an Cyril Ramaphosa ki te anonse sa nan yon deklarasyon li te fè Lendi 28 oktòb 2024 la.
Dosye sa a "genyen prèv ki montre ke gouvènman Izrayelyen an te vyole Konvansyon Jenosid la," yon akizasyon ke Izrayèl bò kote pal demanti.
3 Jounalis Pèdi Lavi yo Nan Liban
Atak lame Izrayèl yo pa sispann touye epi blese moun nan peyi Liban ak nan Gaza, nan moman ke rankont yo ap miltipliye pou jwenn yon seselfe nan lagè a.
Facebook Forum