Accessibility links

Breaking News

Eta Manm Oganizasyon Kowoperasyon Islamik Antann yo pou yo Radye Siri nan Gwoup la


Chèf diplomasi peyi manm Manm Oganizasyon Kowoperasyon Islamik la ap reyini nan vil La Mèk, nan Arabi Sawoudit, apre yo fin jwenn yon antant pou yo mete peyi Siri deyò nan gwoup la.

Desizyon sa a ke òganizasyon an pran la a – yon òganizasyon ki genyen 57 eta manm ladan n— kapab pwovoke yon pawòl anpil pandan somè a ant yon alye Siri, an palan de peyi Iran, ak nasyon ki apiye Arabi Sawdit ki te lanse lide pou yo radye Siri a.
Menm jounen jodi a, direktè jeneral Ajans Nasyon Zini pou asistans imanitè a kòmanse yon vizit 3 jou nan Siri ak Liban, kote lap anvizaje mwayen pou ajans la ranfòse rapidman efò l ap fè pou l pote èd bay popilasyon sivil la ki viktim konfli ame a nan Siri.

Nan dènye zak vyolans ki dewoule (daprè militan opozisyon an) gen yon afè de 50 siryen, si se pa plis, ki mouri. Rebèl yo fè sikile yon videyo kote yo montre sa yo prezante kòm yon operasyon kote yo t ap desann yon avyon militè siryen epi yo mete men sou pilòt la. Okenn sous endepandan pa kapab verifye vèsyon rebèl yo.

Toujou sou sitiyasyon an nan Siri, yon ekip doktè militè fransè ap konstrui yon lopital mobil nan zòn Zaatari, nan peyi La Jòdani, pou yo trete refijye k ap kouri pou vyolans la nan Siri. Anbasadris fransèz la nan Amman, Corinne Breuze, di lopital la sèvi pou bese presyon kap pese sou do La Jòdani.

Mme Breuze di : “Nap bati lopital la pou n ede La Jòdani ki anba presyon yon bann ak yon bakèt refijye k ap sòti nan Siri. Genyen 2 tip refijye : ou genyen viktim lagè yo, moun ki blese sou chandbatay nan Siri, epi ou genyen popilasyon sivil nòmal la k ap vini.”

Jiskaprezan, efò diplomatik ki fèt pou mete fen nan lagè a nan Siri pa debouche sou oken rezilta.
XS
SM
MD
LG