Accessibility links

Breaking News

Siri - Vyolans: Lame ap Atake Vil Alèp sou Plizyè Fwon


Nan Siri, lame lanse yon atak sou plizyè fwon nan vil Alèp, nan pati nò peyi a, pou deloje konbatan rebèl yo nan pozisyon yo okipe nan vil la. Televizyon Leta siryen an fè konnen fòs gouvènmantal yo ap kapòte konbatan opozisyon an.

Sepandan lidè Lame opozisyon an, Lame Lib Siri a, demanti pawòl gouvènman an ap fè sikile pou di rebèl yo tonbe nan kouri kounyela a. An tou ka, kèk jounalis ki nan Alèp deklare, an fèt, yo te wè kèk rebèl ki tap bat an retrèt.

Nan jounen mèkredi 8 out 2012 la, rebèl yo te di yo toujou gen kontwòl yon katye enpòtan nan Alèp ki rele Salahedine e ki nan pati sid vil la ; moun pase pa katye sa-a pou yo antre-sòti nan Alèp.

Youn nan konbatan opozisyon an, ki pale sou kondisyon pou yo pa nonmen non li, deklare:

“Fòs zame siryèn yo pa fè yon grenn pa an plis nan direksyon Alèp ; e mwen garanti w yo pap kapab antre nan vil la. Nap rete isit la jisko dènye sòlda.”

Abitan kap viv nan Tel Riat, yon ti vil ki tou prè Alèp, fè konnen rejyon pa yo a tou tonbe anba atak lame siryèn nan, espesyalman aviyasyon militè a.

Salman Najjar, yon moun rejyon an, di:

“2 avyon, 2 aparèy MIG –mwen pa konnen si se MIG 21 oubyen lòt kalte avyon- lage bonm sou lise a ki rele Lise Tadamor pou Jènfi; yo lage bonm isit la tou epi 2 lòt bonm sou yon batiman sivil ki tou prè a”.
XS
SM
MD
LG