Accessibility links

Breaking News

'Sikatriz la Ap Rete nan Kè Nou' - Lidè Kominotè Ayisyen Springfield di Enpak Dezenfòmasyon an pral Dire Lontan


Mia Perez, a goch, yon avoka imigrasyon ak Bernadette Dor, yon paste nan Premye Legliz Ayisyen nan Springfield, Ohio, 14 Sept. 2024.
Mia Perez, a goch, yon avoka imigrasyon ak Bernadette Dor, yon paste nan Premye Legliz Ayisyen nan Springfield, Ohio, 14 Sept. 2024.

Enpak dezenfòmasyon ki fèt kont migran Ayisyen kap viv e travay nan vil Springfield, eta Ohio, ap dire lontan, dapre Jacob Payen, yon lidè kominotè Ayisyen kap viv nan vil la.

"Yo pa byen. Gen anpil Ayisyen ki kouri kite Springfield. Genyen ki al Columbus, genyen ki al Cinncinnati, gen lot ki al nan lot eta. Paske yo pat konnen kijan pou yo jere presyon sa a."

Lidè Kominotè Ayisyen Springfield di Pale Anpil sou Migran Ayisyen yo Pral Kite 'Sikatriz nan Kè yo'
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:22 0:00

Payen di VOA akoz menas kap fèt pa telefon ak sou entènèt anpil Ayisyen pa santi yo an sekirite. Misye di sa yo ki pa deplase deside kenbe yon pwofil ba.

"Sa ki deside pa pati pè kite kay yo. Kitse al fè pwovizyon, kitse mennen pitit yo lekol, anpil nan yo pè kite kay yo kounyea. Noumenm lidè yo nap fè mesaj la pase pou yo men pou pifo yo pè soti. Ou ka wè sa nan magazen mwen. Dabitid nan lè sa a chaje kliyan - men kounyea li vid."

Migran Ayisyen Bebilor Jean di VOA mansonj politisyen yo pwopaje sou yo a lakoz yo oblije reflechi sou kijan yap viv nan kominote a.

"Pa rapo ak sak pase semen pase a, ki fe yon gwo tole sou atrave Amerik la pou m pa di atrave le mond - deklarasyon mansonje ke yon ansyen prezidan ki kandida a la prezidans nan peyi Etazini d Amerik ki fe konnen ke tout Ayisyen ki nan Springfield yo manje chat yo manje chen yo manje kanna. M twouve sa, li pa rete nou byen nan kominote a. Donk li banou posibilite pou n reflechi sou sityasyon pa nou nap viv andan kominote a e ki fason pou n konpote nou pa rapo avek deklarasyon mansonje sa yo fe sou nou an.

Misye di yap eseye deside si yo dwe mare pakèt yo kounyea.

"Efektivman wi, anpil nan Ayisyen yo vle kite bo isi a. Pou ki rezon? paske se pa nempot ki moun ki fè deklarasyon an se yon moun ki mye plase nan politik la, ansyen prezidan ki kandida a la prezidans ki fè yon deklarasyon ki di nap manje chen, nap manje tout bèt ki genyen nou manje yo - donk Ayisyen yo pè. Paske gen anpil Ayisyen ki nan kominote a ki pre kote yap achte ak van etc e pa bliye gen yon pakèt bann blan ki bo isit la tou - yo tande deklarasyon sa a tou - yo vle fè dè zak sou kominote a. Donk moun yo pè yo vle pou yo ale kite donk moun yo pè."

Bebilor Jean di sak pi enève Ayisyen yo se ke akizasyon yo san fondman.

"Pa gen okenn prèv ki di moun yo pran chat yo pran kabrit yo pran animal yo. Jodia la a deklarasyon sa yo vinn pouse moun ki te deja rezidan nan kominote a, ki te deja pè kominote a ak yon seri de moun rasis bo isit la tou - gen anpil moun ki rasis -donk ki bay posibilite pou moun yo kite isi a."

Sam Miller se yon patizan Donald Trump ki eksprime kè sote li pou kominote li a.

" Mwen rete isit, mwen gen timoun piti e menm jan ak anpil sitwayen Ameriken, mwen gen kè sote pou kestyon imigrasyon an. Donk mwen te vle vini isit pou tande kisa lot moun nan kominote a gen pou di."

Lisa Hayes, yon manifestan ki te kenbe yon pankat nan men l ki poze kestyon "E Fanmi Nou Yo Ato?" di vil la ta dwe pran swen Ameriken dabo.

"Mesaj mwen se fok nou pran swen fanmi nou yo an premye. Ann sispann dechouke moun pou fe plis lajan ak lokatè. Ann pran swen moun kap viv nan lari. Ann pran swen pitit nou ak granmoun nou yo an premye."

Manifestan an ajoute ke djob ki disponib yo pa peye ase lajan pou Ameriken viv.

"Sa mwen tande sè ke lajan yap ofri a pa ase pou nou viv. Nou paka viv ak 10 ou 15 dola pa hè. Nou paka fè l. Lot moun kapab paske yo pa gen abitid fè okenn lajan."

Dapre sa otorite Springfield yo di, gen apepre 15 mil migran kap viv nan vil la. Yo vinn ajoute sou yon popilasyon 60 mil rezidan. Migran Ayisyen sa yo gen papye legal pou travay nan vil la.

Lidè kominotè Jacob Payen di doulè pale anpil sa yo koze pap fasil pou soulaje.

"Petet apre eleksyon an nap komanse refè. Sikatriz yo ap rete nan kè nou. Men doulè a ka bese -nap eseye avanse antanke kominote."

XS
SM
MD
LG