Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch: Repibliken yo ap Pwopaje yon Teyori Konplo Ayisyen ki 'Danjre'


Potpawol Konsey Nasyonal Sekirite a John Kirby pale pandan konferans pou lapres kotidyen Mezonblanch la nan Washington, 9 Sept. 2024.
Potpawol Konsey Nasyonal Sekirite a John Kirby pale pandan konferans pou lapres kotidyen Mezonblanch la nan Washington, 9 Sept. 2024.

Lamezonblanch di Madi ke Repibliken yo ap pwopaje manti sou migran Ayisyen yo apre kandida a la vis prezidans JD Vance ak lot Repibliken wo plase te pibliye mesaj sou rezo sosyal yo ki akize Ayisyen dèske yo manje chat ak lot bèt moun gen lakay yo.

Potpawol Sekirite Nasyonal Mezonblanch la, John Kirby di: "Sak ba nou gwo kè sote se ke kounyea responsab eli pati Repibliken an ap pwopaje yon lot teyori konplo ki vize divize sosyete a e ki baze sou manti. Ann onèt li baze sou yon eleman rasizm."

Kirby ajoute: "kalite langaj sa a, kalite dezenfomasyon sa a danjre paske gen moun ki pral kwe se vre, malgre li sanble ridikil e stupid, yo ka menm aji sou kalite enfomasyon sa a yon fason ki taka koze gwo danje pou yon moun. Donk fok sa sispann.

Vance, ki se yon senatè epi kolistye kandida prezidansyèl Repibliken Donald Trump deklare Lendi sou rezo X "Rapo montre kounyea ke moun ap pèdi chen ak chat yo anba kidnaping pa moun ki pata dwe nan peyi sa a. " Nan menm mesaj la li di tou ke migran Ayisyen yo tap "koze kawo" nan vil Springfield, ki se yon vil nan eta kote li abite, Ohio.

Lot Repibliken ak patizan yo, pami yo Senatè Ted Cruz ak milyadè Elon Musk pibliye menm kalite mesaj yo ak videyo pandan jou ki pase yo.

Polis lokal di yo pa resevwa okenn rapo konsa e yo pibliye yon deklarasyon ofisyèl sou kestyon an:

"Pou reponn zen kap sikile e ki akize popilasyon migran vil nou an de aktivite kriminèl, nou ta renmen klafifye ke pa gen oken rapo kredib sou akizasyon kom kwa moun ap maspinnen bèt moun, ni blese yo ni abize yo nan mitan kominote imigran an.

Vil Springfield pibliye tou yon paj ki reponn Kestyon Moun Poze Tout Tan pa rapo ak Ayisyen yo sou paj wèb li, ki fè remake ke Ayisyen yo gen pèmisyon legal pou travay Ozetazini.

Deklarasyon sa a deklanche yon paj Springfield sou Facebook kote yon moun ekri ke yon chat te pèdi. Apre sa moun nan deklare san li pa bay okenn prèv ke Ayisyen yo pran chat la pou manje l.

Madi Vance te admèt pa gen prèv ki montre akizasyon yo gen merit. Misye di: "Se posib byen antandi ke tout rimè sa yo nap jwenn ke yo fo." Li mete mesaj sa a sou rezo X epi apre sa li te blame migrasyon Ayisyen pou pwoblem moun konstate ak swen sante lokal, edikasyon ak lot kestyon anko.

Vance te kontinye atak yo. Li pibliye yon lot mesaj Madi ki di "An brèf pa kite rechiya nan medya a dekouraje nou chè konpatriyot. Ann kontinye pwopaje videyo chat yo."

Trump fè yon seri deklarasyon enflamatwa ak rasis pandan kanpay li sou kestyon ras la e kont Vis Prezidan Kamala Harris. Nan kèk ka, li sevi ak imaj vyolan tou pou kritike migran yo ak opozan li yo.

Lèzetazini konstate yon gwo ogmantasyon nan krim rayisman - ke FBI defini tankou yon ofans ki motive pa rasism, etnisite, relijyon, oryantasyon seksyèl,ak andikap pandan ane ki pase yo. Done FBI genyen sou krim montre ke kantite krim ki gen pou wè ak rasism ogmante de 8,500 an 2018 a plis pase 13,300 an 2022 - ki se chif pi wo yo janm anrejistre.

Plis pase yon milyon moun kap viv Ozetazini ki pran nesans an Ayiti dapre done resansman. Chif sa a plis pase doub sa l te ye nan komansman syèk la.

XS
SM
MD
LG