Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch Bat Bravo pou Enstalasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a


Foto Achiv: Konseye Kominikasyon sou Sekirite Nasyonal Lamezonblanch John Kirby.
Foto Achiv: Konseye Kominikasyon sou Sekirite Nasyonal Lamezonblanch John Kirby.

Lamezonblanch byen akeyi envestiti Jedi, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a. Konseye kominikasyon sou Sekirite Nasyonal John Kirby dekri devlopman an tankou yon etap enpòtan nan direksyon òganizasyon eleksyon.

"Nou rejwenn kominote entènasyonal la pou felisite tout patisipan Ayisyen yo nan pwosesis yo pou tabli Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Nou bat bravo pou envestiti 9 manm konsèy la jodia, anbasadè nou an Ayiti te prezan nan seremoni an. Met sou sa, jodia make yon etap esansyèl sou chimen pou oganize eleksyon lib e onèt. E byen antandi nou te ka livre premye kagezon ekipman - non-mòtèl pou Polis Nasyonal Ayiti pou ogmante kapasite yo. Yo renouvle aksè ak ayewopo a apre li te pase yon mwa fèmen e mezi ki pran jodia vizavi yon gouvènans ensklisiv dwe bay tout moun espwa pou avni Ayiti."

XS
SM
MD
LG