Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry Ofisyèlman Demisyonnen an Moman Gouvènman Tranzisyon an Pran Pouvwa


Premye Minis enterime Michel Patrick Boisvert (5em a goch) poze pou yon foto ak manm Konsey Prezidansyel Tranzisyon an nan Potoprens, 25 Avril, 2024.
Premye Minis enterime Michel Patrick Boisvert (5em a goch) poze pou yon foto ak manm Konsey Prezidansyel Tranzisyon an nan Potoprens, 25 Avril, 2024.

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry demisyonnen nan yon lèt ofisyèl Primature la pibliye Jedi 25 Avril, nan moman konsèy prezidansyèl tranzisyon an pare pou pran tèt Ayiti epi retabli kalm.

Minis Finans Patrick Boisvert pral dirije Ayiti antanke premye minis pa entrim, dapre jounal ofisyèl Le Moniteur.

Nan yon lèt ki gen dat Mèkredi sou li, men ke li pibliye sou rezo sosyal yo Jedi, Henry di gouvènman li an jere Ayiti "nan moman difisil."

Gouvènman sortan an te fomalize pwosesis tranzisyon an sa gen 2 semèn desa, yon mwa apre Henry te anonse demisyon li pandan li te bloke andeyo peyi d Ayiti akoz gang ame yo te bloke ayeropo a epi menase pou yo pran kontwol kapital la, Potoprens, nèt.

Zak vyolans gang yo vin pi grav depi komansman ane 2024 la. Gen plis pase 2,500 moun ki swa mouri swa blese ant mwad Janvye ak mwad Mas la ki reprezante yon ogmantasyon 53% konpare ak dènye 3 mwa ane 2023 a. Se sa ki nan done ke Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti a, BINUH pibliye montre.

Ensekirite a lakoz plizyè milye moun obilije kouri kite kay yo epi koze ensekirite alimantè katastwofik.

Reyaksyon Etazini

Nan yon mesaj li pibliye sou rezo X (Twitter) Sekretè d Eta adjwen Ameriken pou Zafè Emisfè Oksidantal yo, Brian A. Nichols deklare "pretasyon sèman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an reprezante yon etap esansyèl nan sou chimen Ayiti pou retou a gouvènans enklisiv."

Li ajoute: "Nou felisite tout patisipan yo pou angajman yo pran pou jwenn yon konpwomi epi travay ansanm pou amelyore lavi tout Ayisyen."

Patrick Boisvert (mitan) ki se nouvo Premye Minis enterime Ayiti ak res manm kabine Premye Minis sortan Ariel Henry, asiste seremoni envestiti konsey prezidansyel tranzisyon an nan Potoprens, Ayiti, 25 Avril, 2024.
Patrick Boisvert (mitan) ki se nouvo Premye Minis enterime Ayiti ak res manm kabine Premye Minis sortan Ariel Henry, asiste seremoni envestiti konsey prezidansyel tranzisyon an nan Potoprens, Ayiti, 25 Avril, 2024.

Reyaksyon LONU

Pòtpawòl Sekretè jeneral LONU an, Stephane Dujarric bat bravo pou enstalasyon Konsèy Prezidansyèl la tou.

"Nou lanse apèl bay nouvo otorite yo ak tout pati prenant yo pou mete an aplikasyon rapidman aranjman pou gouvènman tranzisyon an. Nou pran nòt de lèt Ariel Henry a ki gen dat yè sou li kote li demisyonen kòm Premye Minis epitou piblikasyon nan jounal ofisyel la ki anonse Minis Finans Michel Patrick Boisvert se Premye Minis enterime a kounyea."

Dujarric di Sekrete-Jeneral la mande pou yo deplwaye Misyon Sipo Sekirite pou Ayiti a (MSS) vie e prese pou jere ensekirite a. Li re-itere tou demann li devan peyi manm LONU yo pou yo pran mezi pou asire MSS la resevwa sipò finansye ak lojistik li bezwen pou reyisi.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan ajans nouvel Reuters. Korespondan VOA nan Nasyonzini, Margaret Besheer kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG