Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Sistèm Sante Ayiti Sou Wout pou Plonje Pandan Gen Gwo Ratman Medikaman


Alleged gang leader calls on supporters to retake control of neighborhood, in Port-au-Prince
Alleged gang leader calls on supporters to retake control of neighborhood, in Port-au-Prince

PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Medikaman ak ekipman pou sove lavi ann Ayiti ap diminye nan lopital ak klinik yo nan Pòtoprens pandan gang yo kontinye ap fè deblozay nan plizyè katye nan kapital la.

Aktivite gang yo bloke wout, fose prensipal ayewopò entènasyonal peyi a rete fèmen epi peyi a paralize pi gwo pò maritim peyi a, kote kontenè chaje avèk pwovizyon kle yo rete bloke.

Doktè Rachel Lavigne nan Doktè San Fwontyè di ke "tout bagay ap kraze."

Sistèm sante Ayiti a te frajil depi lontan, men kounye a li prèske plonje nèt apre gang te lanse plizyè atak 29 Fevriye pase ki te vize enfrastrikti leta ki pi enpòtan yo nan kapital la ak lot zonn toujou.

XS
SM
MD
LG