Accessibility links

Breaking News

BINUH: 'Kèk Pami Pi Move Senaryo Nou te Anvizaje pou Ayiti Vinn Tounen Reyalite'


Direktris Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti a, Maria Isabel Salvador, 22 Avril 2024.
Direktris Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti a, Maria Isabel Salvador, 22 Avril 2024.

Direktris Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti a, Maria Isabel Salvador di Konsèy Sekirite LONU an 22 Avril ke "kèk pami pi move senaryo nou te anvizaje pou Ayiti tounen reyalite nan mwa ak semèn ki pase yo."

Salvador te pale pa videyo konferans depi Pòtoprens. Li di "nan kòmansman mwad Mas la gang yo lanse tak kowòdone kont enfrastrikti kle peyi a - pami yo plizyè komisarya lapolis ak 2 prensipal penitansye Pòtoprens yo ansanm ak entalasyon edikasyonèl, swen sante ak lye relije."

Salvador di "semèn pase a yo atake e piye lekòl medsin Inivèsite d Ayiti a".

Li kontinye pou l di gang yo "kontinye atake palè prezidansyèl la, sa ki lakoz batay fwòs ak Polis Nasyonal Ayiti kote plizyè moun mouri." Epi depi 3 Mas, "konfwontasyon gang yo ozalantou ayeropò entènasyonal Pòtoprens la fòse tout avyon komèsyal yo kanpe sèvis yo, yon sityasyon ki kontinye jouk jodia."

Salvador, ki se reprezantan espesyal Sekretè-Jeneral LONU pou Ayiti di "chèf gang yo ak lòt malfra yo deklare entansyon yo pou gate ak zak vyolans pwosesis politik aktyèl la e mwen paka souliyen ase, bezwen ki egziste pou ede Ayiti ak jefò lap fè pou retabli sekirite."

Dapre Salvador, "nan yon ane edmi depi Ayiti te mande asistans pou kore sekirite lakay li, e plis pase 6 mwa depi konsèy la otorize deplwaman Misyon Sipò Sekiritè a (MSS) fòk nou kontinye souliyen enpòtans deplwaman ijan fòs sa a."

Direktris Egzekitif Biwo Nasyonzini sou Dwog ak Krim (UNODC) Ghada Waly, 22 Avril 2024.
Direktris Egzekitif Biwo Nasyonzini sou Dwog ak Krim (UNODC) Ghada Waly, 22 Avril 2024.

Nan deklarasyon li fè devan konsèy sekirite a tou, Direktris Egzekitif Biwo Nasyonzini sou Dwòg ak Krim (UNODC) Madan Ghada Waly deklare "zam ak minisyon kontinye antre alèz an Ayiti, e yon pwosè kriminèl ki dewoule resaman Ozetazini te ba nou enfòmasyon enpòtan sou kijan sa fèt.

Sly di" dapre enfomasyon Depatman Jistis pibliye, yon ansyen chèf gang 400 Mawozo, Misye Joly Germine te dirije operasyon trafik (zam) yo depi prizon kote li te fèmen an. Li te itilize telefòn selilè ke otorite yo pat siveye pou pase lòd pou transfere lajan bay asosye kriminèl li nan Florid, ki resevwa ase detay sou zam yo te bezwen epi ki te achte yo nan magazen ki vann zam sa yo. Zam yo - pami yo te gen zam otomatik ak wo kalib, te antre anbachal an Ayiti nan kontenè ke yo te degize pou fè sanble manje ak pwodui pou kay."

Direktris Egzekitif UNICEF la, Catherine Russell, 22 Avril 2024.
Direktris Egzekitif UNICEF la, Catherine Russell, 22 Avril 2024.

Direktris Egzekitif UNICEF la, Catherine Russell te pale tou. Li di konsèy la ke "fanmi kontinye kouri kite kay yo akoz vyolans gang yo. Li estime ke "plis pase 180,000 timoun ap viv nan lari kounyea.

Gwoup ame yo, dapre Russell, bloke prensipal wout transpò ki konekte Pòtoprens ak rès peyi d Ayiti - sa ki lakoz anpil ibznis kraze epi limite aksè sitwayen yo ak sèvis esansyèl.

Li di nan moman gwoup ame yo ap vale teren "katye yo ap monte barikad ak ekip oto-defans pou defann tèt yo kont vyolans la. Rezilta se kè plizyè santèn milye timoun ak fanmi nan kominote ki anba syèj yo pa gen aksè ak asistans imanitè ak sèvis esansyèl yo.

Anbasadè Ayisyen nan Nasyonzuni, Antonio Rodrigue, 22 Avril, 2024.
Anbasadè Ayisyen nan Nasyonzuni, Antonio Rodrigue, 22 Avril, 2024.

Anbasadè Ayisyen an, Antonio Rodrigue di konsèy la "etan done ogmantasyon nan zak vyolans gang yo an Ayiti, nou ka tire konklizyon ke gang sa yo kontinye gen aksè ak zam ilegal ak minisyon. Se yon bagay ki ase fasil pou yo."

Rodrigue lanse avètisman bay kominote entènasyonal la sou "nesesite pou ogmante yon fason siyifyan pou kore jefò kap fèt pou asire anbago zam nan repekte, ann akò ak rezolisyon 2700."

Minis Afè Etranjè Repiblik Dominikèn, Roberto Alvarez Gil, 22 Avril, 2024.
Minis Afè Etranjè Repiblik Dominikèn, Roberto Alvarez Gil, 22 Avril, 2024.

Bò kote pa li, Minis Afè Etranjè Repiblik Dominikèn, Roberto Alvarez Gil deklare gen "bezwen ijan pou mete anbago zam, minisyon ak ekipman kap inonde Ayiti an aplikasyon ak fòs."

Alvarez Gil deklare "pèmèt mwen raple nou ke Repiblik Dominikèn pa pwodui ni enpòte okenn kalite zam. Zak vyolans ak ensekirite ki anvayi Ayiti fòse nou pou nou pran mezi eksepsyonal pou konbat trafik zam lan e lajan pou fè sa soti nan bidjè nasyonal nou. Sa detounen resous ke pèp Dominiken an bezwen. Nou ankouraje peyi kap ekspòte zam an Ayiti yo pou yo pran mezi efikas pou sispann trafik ilegal la ak Ayiti."

XS
SM
MD
LG