Accessibility links

Breaking News

Nan Moman Sanzabri yo ap Ogmante Ozetazini, Kou Siprèm lan Pral Travay pou Konnen si l ap Entèdi Moun Dòmi nan Lari


FILE - A woman gathers possessions to take before a homeless encampment was cleaned up in San Francisco, Aug. 29, 2023.
FILE - A woman gathers possessions to take before a homeless encampment was cleaned up in San Francisco, Aug. 29, 2023.

WASHINGTON (AP) — Tribinal Siprèm lan pral konsidere si entèdi moun ki pa gen kay dòmi nan lari lè pa gen ase espas nan abri yo, ki rele ann angle “Shelter”, seta yon pinisyon twò sevè.

Yo konsidere ka sa jodi a Lendi a kòm pi gwo dosye sou sanzabri yo ki vin devan gran tribinal la depi plizyè dizèn ane.

Popilasyon sanzabri yo rive nan nivo rekò ozetazini. Nan Kalifòni ak lòt eta nan lwès peyi a, tribinal yo deside ke konstitisyon an pa prevwa amann ni arestasyon pou moun k ap dòmi nan kan pou sanzabri yo si manke espas nan abri yo.

Plizyè otorite Demokrat ak Repibliken fè konnen li difisil pou yo jere kan yo, ki ka danjere e ka gen move kondisyon sanitè.

Dosye a soti nan Grants Pass, nan eta Oregon, ki te kòmanse mete amann $295 sou moun poutèt yo dòmi nan lari.

XS
SM
MD
LG